Rezo sosyal Facebook modifye politik entèn li a madi a pou entèdi tout piblisite k ap dekouraje moun al vaksinen, yon mezi ki vize »elimine fo enfòmasyon » ki kapab antrave travay ajans sante piblik la.
Sosyete Menlo Park (Kalifòni, Ozetazini) deklare sou Facebook : objektif nou se ede mesaj sou sekirite ak efikasite vaksen yo epi pèmèt yon bon valè nan popilasyon gen aksè ak li. »
Facebook, ki gen nan tèt li Mark Zuckerberg, kontinye pèmèt deba yo fèt sou kòman gouvènman yo dwe jere devlopman ak administrasyon vaksen yo, men evite tou divès piblikasyon k ap mande moun yo pou yo pa al vaksinen.
Pooshy Rosana