Etazini konfime jounen mèkredi 7 janvye 2026 la, li sezi yon paviyon ris nan Atlantik Nò a ki rele Bella-1. Bato sa a akize kòmwa l ap transpòte gaz ki sòti Venezyela ilegalman. Selon lajistis amerikèn, petwolye sa a sezi avèk yon manda federal gras ak sipò gad kot yo epi fòs maritim amerikèn yo. Yo deja antre nan yon pò ameriken avèk li e yo pral mennen ankèt sou li.
Sezi sa a retounen alimante kriz jewopolitik ant meriken ak Larisi a.





















