Aprè fen TPS la, Etazini anonse y ap fè 2 vòl depòtasyon pa semèn pou voye migran ayisyen tounen nan peyi a. Selon Miami Herald, chak avyon ap transpòte pou pi piti 200 moun, daprè enfòmasyon otorite ameriken yo bay medya a.
Pandan otorite ayisyèn yo poko reyaji sou anons la, òganizasyon k ap defann dwa moun tankou GARR deja eksprime enkyetid yo. Yo estime sitiyasyon ensekirite k ap vale teren an pa pèmèt Ayiti resevwa depòte yo nan bon kondisyon.
N ap raple, malgre Lakou Siprèm bay otorizasyon pou mete fen nan TPS la, se jij Ana Reyes ki toujou ap egzamine aspè konstitisyonèl dosye a.























