Machin ensekirite a ap vale teren nan Jeremi. Claudy Jean Charles Peterson rann dènye souf li maten mèkredi a sou yon kabann lopital, aprè li te pran yon bal nan tèt nan yè madi swa 8 septanm nan zòn Bèkye. Malgre swen medikal li te resevwa, Peterson pa t rive siviv. Jiskaprezan, moun ki te tire sou li a poko idantifye. Ensidan sa a soulve plis enkyetid sou sitiyasyon sekirite nan vil Jeremi.













