Minis Jistis ak Sekirite Piblik peyi El Salvador a Gustavo Villatoro, fè konnen twoup peyi li a ki deplwaye an Ayiti p ap kite tèritwa ayisyen an toutotan yo poko jwenn 4 sòlda salvadoryen ki disparèt yo. Deklarasyon sa a vini nan yon moman kote rechèch pou jwenn 4 teknisyen salvadoryen yo ap kontinye. Yo te disparèt depi 18 oktòb 2026, sa ki pouse otorite peyi El Salvador mobilize fòs militè pou patisipe nan operasyon rechèch la ann Ayiti.
Sou dosye sa a, nan peyi d Ayiti, se prèske tout moun ki santi yo satisfè akoz prezans fòs lame peyi El Salvador a.













