Nan yon konferans pou laprès nan lokal Direksyon santral Polis Jidisyè (DCPJ) ki twouve l nan Klèsin, pòt pawòl lapolis la, Garry Derosiers prezante bay laprès 2 prezime asasen ki touye mennaj yo. Zendeng Anderson Cherestal ak Metellus Fedens.
Zendeng Cherestal touye mennaj li, Sherley Monfort, vandredi premye janvye ak plis pase 20 kout kouto. Metellus, kote pa l, te touye mennaj li nan Fò Jak 10 me pase a, epi antere fi a. Metellus ta pral mawon nan depatman Nòdès, nan komin Monben Kwochi.
Zendeng Anderson Cherestal fè konnen se jalouzi ki fè l touye Sherley Monfort. Aprè l te fin poze zak malonèt sa, Zendend ta pral mawon. Se papa l ki te arete l epi menen l ale nan DCPJ.
N ap raple se toutan zak tris sa yo ap repete nan sosyete ayisyèn nan kote gason ap bat fi epi menm rive touye yo.
Jeff Jean Joseph