Ansyen senatè Nip la Nenel Cassy arete nan yon restoran Petyonvil aprè midi samdi 2 Out 2025 lan. Nenel Cassy DCPJ t ap bouske tankou zepeng ti tèt arete pou relasyon li genyen ak gwoup teworis Viv Ansanm nan epi paske l se youn nan nèg ki toujou ap destabilize Ayiti.
N ap raple entènasyonal la te deja sanksyone towo a e plizyè rapò ULCC te akize l nan kòripsyon.





















