Aprè sanksyon Kanada yo, plizyè òganizasyon sendikal rete yo wè Premium Apparel fèmen. Nan sans sa a, atravè avoka yo, yo depoze yon plent kont Clifford Apaid, PDG Premium Apparel ki fèmen antrepriz sa a san l pa bay anplwaye yo yon santim. Salè, konje, asirans, boni. Se nan bouch malere ak malerèz sa yo aprann yo p ap ka travay ankò alòske yo toujou touche asirans OFATMA ak ONA sou yo. Gwoup Apaid la dwe moun sa yo plis pase 90 milyon goud.
Sendika yo ekri Direktris depatman travay Ministè Zafè Sosyal ak Travay pou mande l poze sele sou tout byen moun sa yo yon mannyè pou yo ka touche lajan yo.