Nan yon operasyon komisè gouvènman Wanament lan, Mèt Elusma Florvil, ansanm ak lapolis, mennen yè madi 22 septanm 2026 la nan Vilaj Vètye Wanament, yon sitwayen ki idantifye sou non Réginald Israël mare kou krab. Réginald Israël arete paske l ap fè tèt li pase pou yon polisye, epi plede tire katouch nan zòn nan, […]Lire plus...
Dérilus Léger, 50 lane, Raphael Marco, 51 lane, Raphael Zaddy, 13 lane, Raphael Roodny, 16 lane, Exil Watson, 18 lane ak Exantus Ania ki gen 28 lane jwenn liberasyon yo 20 septanm 2026 nan komin Kenskòf. Se Lapolis nan tèt kole Fòs Represyon Gang yo ki rive libere moun sa yo selon enfòmasyon PNH bay. […]Lire plus...
Tchad voye yon nouvo kontenjan 350 sòlda pou rejwenn GSF la an Ayiti, nan kad deplwaman peyi a nan fòs entènasyonal la. Daprè enfòmasyon ki soti nan sous tchadyen yo, kontenjan 350 sòlda sa a te kite N’Djamena, kapital Tchad, vandredi 18 septanm 2026, pou vini Ayiti. Dat y ap rive Ayiti a poko fikse. […]Lire plus...
Yon jèn gason, idantifye kòm Sainvilus Claudin, arete samdi 19 septanm sa a nan ayewopò entènasyonal Okap la, pandan li t ap debake ak plizyè materyèl ki soti Ozetazini. Daprè enfòmasyon ki disponib, fòs lòd yo dekouvri yon fizi tip AR-15 nan bagaj li, ansanm ak plizyè ekipman, pami yo inifòm taktik, bòt ak kas […]Lire plus...
Nan kad patenarya ki genyen ant Leta Ayisyen ak gouvènman Meksiken an, 114 sòlda kite peyi d Ayiti jounen vandredi 18 septanm 2026 la pou al pran yon fòmasyon nan peyi Meksik. Responsab yo fè konnen fòmasyon sa yo se pou ranfòse kapasite Fòs Lame d Ayiti a. Seremoni pou sòlda sa yo deplase a […]Lire plus...
Plizyè pèsonèl militè ki soti Tchad rive an Ayiti ayè jedi 17 septanm nan pou rejwenn GSF la, nan kad deplwaman entènasyonal k ap vize ranfòse kapasite operasyonèl fòs la sou tèren an. Pèsonèl tchadyen sa yo vin ranfòse kontenjan ki deja prezan nan peyi a malgre poko janm gen rezilta. Pou moman an, kantite […]Lire plus...
Lapolis nan tèt kole ak Komisè Gouvènman Wanament lan, mèt Elisma Florvil, arete 5 moun, pami yo yon fanm, pandan yon operasyon jedi 17 septanm nan Ti Lorye ak Akil Dèpen. Pandan entèvansyon an, fòs lòd yo sezi 2 zam kreyòl (tchagòm) ki sèvi ak katouch 12, ansanm ak plizyè pake yon sibstans ki sanble […]Lire plus...
Pou pi piti 5 elèv ladan yo 3 fi ki fè pati yon menm fanmi sibi zak anlèvman maten vandredi 18 septanm nan sou Bwa Vèna. Sa pase ant ri Kamelo ak Difò selon temwen ki te sou plas. Dèlma, Petyonvil, Pòtoprens elatriye, kidnaping nan fin debòde nan lari a. E gen gwo enkyetid paske […]Lire plus...
Pou pi piti 164 moun pèdi lavi nan 2 atak ki fèt nan Kenscoff ant mwa jiyè ak out 2026, daprè yon rapò Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH). Selon òganizasyon an, otorite polisyè yo te okouran yon nouvo atak t ap prepare, aprè premye masak la. Responsab lokal PNH yo te menm mande ranfòsman […]Lire plus...
Kriz ensekirite a kontinye fòse yon kantite enpòtan moun kite zòn kote yo t ap viv. Daprè dènye rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), pibliye 12 septanm 2026 la, Ayiti konte 1 466 862 moun ki deplase anndan peyi a. Selon done OIM yo, kantite moun deplase sa yo ogmante anviwon 1% konpare ak 12yèm […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
