Done telefòn Christian Emmanuel Sanon, youn nan akize nan dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse, ta revele prezans plis pase 5 800 kontak ak plizyè milye mesaj selon ajan FBI ki tap fouye telefòn akize a. Daprè enfòmasyon sa yo lis kontak la ak mesaj ki te anrejistre nan telefòn Sanon an kapab ede envestigatè […]Lire plus...
Aktè ayisyen Frantzson Saintilien alyas Gwo Siro plede koupab sou 18 akizasyon fwod fiskal devan yon tribinal federal nan Brooklyn, nan eta New York, Ozetazini. Daprè otorite jidisyè ameriken yo, li riske pran jiska 54 ane prizon. Daprè Depatman Jistis ameriken an, Saintilien te travay kòm preparatè deklarasyon taks ant 2019 ak 2023. Pandan peryòd […]Lire plus...
Nan kad pwosè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la devan tribinal federal Miami, ajan FBI yo fè konnen polisye ayisyen yo te deja manyen telefòn yo te sezi nan men moun yo akize nan konplo a, anvan ekspè federal ameriken yo te egzamine aparèy sa yo. Avoka defans yo leve kesyon sou entegrite prèv dijital […]Lire plus...
Devan tribinal federal Miami an, yon ajan FBI ki te patisipe nan ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la fè konnen kouran an te koupe nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), pandan ajan yo te an Ayiti pou analize telefòn moun yo sispèk ki enplike nan konplo asasina a. Analiz telefòn sa yo te […]Lire plus...
Avoka Samir Handal la kritike kondisyon detansyon kliyan li Ozetazini, pandan pwosedi jidisyè yo ap kontinye nan dosye asasina ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, ki te mouri asasinen 7 jiyè 2021. Otorite amerikèn yo akize Handal kòmkwa li te bay sipò lojistik ak finansye nan konplo ki te mennen nan asasina a. Sepandan, defans […]Lire plus...
Yon rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti revele 3 nèg sa yo: Étienne Roudley, Sony Pierre ak Sténio Saint-Fleur, otorite dominiken yo te arete an jen 2025, te libere yon ti tan aprè yo te fin remèt yo bay Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Daprè rapò a, 3 mesye yo, yo te sispèk yo t […]Lire plus...
Lapolis nan Okap arete Thomas Osbeck, yon misyonè ameriken ki sispèk nan abi seksyèl sou timoun nan òfelina Ignite Your Faith. Daprè otorite yo, 12 timoun te sibi egzamen medikal nan kad ankèt la. Analiz telefòn sispèk la ta revele mesaj ki gen kontni seksyèl eksplisit. Se pa premye fwa yon misyonè ameriken fè kadejak […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon ki prezante nan kad ankèt federal ameriken sou asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse, chèf gang Jimmy Chérizier, alyas Babekyou , ta gen yon akò finansye li t ap tann nan men kèk moun ki t ap prepare konplo a. Dosye federal ameriken an montre plizyè chèf gang ayisyen te konsidere kòm alye potansyèl […]Lire plus...
Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti rapòte ke ansyen senatè Youri Latortue te soutni gang Raboto ak Kokorat San Ras, sitou nan bay zam ak minisyon. Daprè rapò a, Kokorat San Ras se youn nan 3 gwoup ame ki te patisipe nan gwo atak ki te fèt nan Ba Latibonit ant 29 mas ak 3 avril […]Lire plus...
Prezidan Kolonbi a, Abelardo de la Espriella, bay minis li yo lòd pou mete asistans jiridik disponib pou militè kolonbyen ki nan prizon Ozetazini nan kad dosye asasina ansyen Prezidan Ayiti a, Jovenel Moïse. Chèf Leta kolonbyen an mande tou pou fanmi militè sa yo jwenn sipò finansye pandan pwosesis jidisyè a ap kontinye Ozetazini. […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
