Done telefòn Christian Emmanuel Sanon, youn nan akize nan dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse, ta revele prezans plis pase 5 800 kontak ak plizyè milye mesaj selon ajan FBI ki tap fouye telefòn akize a. Daprè enfòmasyon sa yo lis kontak la ak mesaj ki te anrejistre nan telefòn Sanon an kapab ede envestigatè yo konprann relasyon li te genyen ak diferan moun, ansanm ak echanj ki te fèt anvan oswa pandan peryòd ki antoure asasina ansyen chèf leta a. Kantite kontak ak mesaj sa yo pa sifi, poukont yo, pou pwouve patisipasyon tout moun ki te ka kominike avèk Sanon nan konplo a.
Se kontni mesaj yo, idantite moun ki te enplike nan echanj yo ak lòt eleman ankèt la ki kapab ede etabli responsablite chak moun nan dosye sa a.













