Devan tribinal federal Miami an, yon ajan FBI ki te patisipe nan ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la fè konnen kouran an te koupe nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), pandan ajan yo te an Ayiti pou analize telefòn moun yo sispèk ki enplike nan konplo asasina a. Analiz telefòn sa yo te fè pati envestigasyon an, nan objektif pou egzamine enfòmasyon ki kapab ede otorite yo pi byen konprann sikonstans asasina ansyen prezidan an, nan nuit 7 jiyè 2021 an.
Sepandan, detay sou sa ki te lakòz kouran an koupe ak konsekans sa te genyen sou travay envestigatè yo poko presize.













