Lapolis nan Okap arete Thomas Osbeck, yon misyonè ameriken ki sispèk nan abi seksyèl sou timoun nan òfelina Ignite Your Faith. Daprè otorite yo, 12 timoun te sibi egzamen medikal nan kad ankèt la. Analiz telefòn sispèk la ta revele mesaj ki gen kontni seksyèl eksplisit. Se pa premye fwa yon misyonè ameriken fè kadejak sou timoun ann Ayiti.
Plizyè ka ki enplike misyonè etranje nan akizasyon abi seksyèl sou minè deja soulve enkyetid sou pwoteksyon timoun yo ak nesesite pou ranfòse kontwòl sou òfelina ak lòt enstitisyon k ap pran swen yo.













