Ansyen prezidan Venezyela a, Nicolás Maduro, ansanm ak madanm li, Cilia Flores, plede non koupab jedi 15 oktòb 2026 la devan yon tribinal federal nan New York, Ozetazini, sou nouvo akizasyon ki gen rapò ak konplo pou komèt zak tòti. Daprè pwokirè federal ameriken yo, koup la ta patisipe nan yon sistèm represyon ki te vize opozan politik yo ak lòt moun yo te konsidere kòm menas, tankou kèk sitwayen ameriken. Akizasyon yo fè konnen pratik sa yo te sèvi pou konsolide pouvwa epi reprime opozisyon an.
Maduro rejte akizasyon yo, li deklare yo fo. Cilia Flores, bò kote pa li, plede non koupab tou.













