Nan menm konferans Ministè Sante Piblik bay ayè dimanch lan sou zafè Kolera a, si minis Alex Larsène pale de yon ka lanmò, direktè jeneral la ki se doktè Lauré Adrien di se 8 moun ki gentan mouri yon sèl kote nouvèl la tonbe a, ki sòti nan maladi kolera. Yon chif ki pibliye nan […]Lire plus...
Ansyen prezidan ak prizonye Luis Inacio Lula Da Silva ki se yon figi anblematik Lagoch nan peyi Brezil rive an tèt nan premye tou prezidansyèl yo jodi dimanch 2 oktòb 2022 a. Li fini an premyè pozisyon fas ak aktyèl prezidan Ladwat la Jair Bolsonaro a 48.4% vwa yo kont 43,60% pou Bolsenaro daprè sa […]Lire plus...
Bandi ak zam ta kidnape 2 machin ak tout moun ladan yo e tante ale ak yon twazyèm aprè midi dimanch 2 oktòb la. Twazyèm machin lan se yon sèten Junior Burrenot ki te ladan l ak tout madanm li epi pitit li. Bandi yo tire sou yo men yo sòti ant lavi ak lanmò […]Lire plus...
Dominiken mete dife jodi a, nan kay ayisyen ki ap viv nan Puerto Plata yo. Dominiken yo akize konpatriyòt yo kòm kwa se yo ki ta touye Juan José Soto Cornier ki gen 72 lane lakay li ak 2 moun ki tap travay ak li. Poko gen detay ofisyèl sou 3 lanmò sa yo. Se […]Lire plus...
Nan yon sikilè li rann piblik jodi samdi 1e oktòb 2022 a, Asosiyasyon Pwofesyonèl Bank yo fè konnen apati lendi 3 oktòb k ap vini la a, tout Bank yo pral travay 3 jou pa semèn: Lendi, mèkredi ak vandredi. Yon desizyon ki vini akoz rezèv petwòl Bank yo p ap ka reponn chak jou. […]Lire plus...
Nan yon nòt li rann piblik jodi dimanch 2 oktòb 2022 a, ministè sante piblik ak popilasyon fè konnen yo dekouvri yon ka maladi Kolera nan zòn Savann-Pistach nan Pòtoprens ak plizyè lòt ka nan komin Site-Solèy. N ap raple lè maladi sa a te rantre isit nan lane 2010, li te pote plizyè kretyen […]Lire plus...
Konpayi Culligan fè konnen a pati jodi dimanch 2 oktòb la, li pa an mezi ni pwodwi ni distribiye dlo l la akoz gaz dyezèl li te genyen pou fè travay sa fini. Li souliye lap kontinye fè demach bò kote enstans konsène yo pou kapab redemare aktivite yo san pèdi tan. Te deja gen […]Lire plus...
Anpil resòtisan ayisyen sa yo pase pa Sendomeng e yo itilize kòm pon Ayewopò Las Americas. Vwayaj yo fèt nan yon nouvo konpayi ayeryèn ki rele Arajet. Se pa pil e pa makòn frè ak sè nou yo ap chape poul yo. Yo pran avyon pou ale swa, Pewou, Ekwatè, Panama, Kolonbi ak Meksik. Chif […]Lire plus...
Anpil bal tire, gaz lakrimojèn, gen moun ki menm blese aprè lame domikèn te antre pou mete lòd sou Fwontyè Dajabón nan. Sa pase aprè atak ki te fèt nan CODEVI jedi 29 septanm nan kote yon foul moun t ap tante rantre la pou fè piyaj. Elikoptè, cha blennde, dwon ak tout kamera avèk […]Lire plus...
Magalie Habitant resevwa yon kout kouto nan dèyè l nan komin Petyonvil jodi jedi 29 septanm nan pandan yon gwoup manifestan atake l. Se gras ak kèk jèn gason ki mete l sou yon moto ki koz li pa pèdi lavi l, li resevwa anpil kou. Gras ak bon sans li e devouman kèk jèn […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]