Nan yon nòt li rann piblik jodi dimanch 2 oktòb 2022 a, ministè sante piblik ak popilasyon fè konnen yo dekouvri yon ka maladi Kolera nan zòn Savann-Pistach nan Pòtoprens ak plizyè lòt ka nan komin Site-Solèy. N ap raple lè maladi sa a te rantre isit nan lane 2010, li te pote plizyè kretyen vivan ale.
Ka sa yo resanse pandan peyi a ap fè fas ak anpil difikilte dènye jou sa yo. Ministè a mande tout popilasyon an pou respekte prensip yo, sitou lavaj men.