Gonzalo Castillo, Donald Guerrero, José Ramon Peralta se non 3 ansyen minis sou administrasyon ansyen prezidan Danilo Medina a. Lapolis arete yo dimanch 19 mas 2023 a nan maten paske yo gen dosye kòripsyon sou do yo. Se ajan ki fè pati inite pwokirè espesyalize k ap pouswiv moun ki nan kòripsyon ki arete ansyen […]Lire plus...
Gras ak yon paspò elektwonik, dominiken yo ap kapab vwayaje pou ale an Ewop san viza. Se Digna Reynoso direktris jeneral paspò yo ak Edward Figueroa ki reponsab Depatman k ap remèt ak renouvle paspò yo ki anonse nouvèl la. Avan 2025, Repiblik Dominikèn ap deja gen paspò elekwonik sa yo. L ap valab pou […]Lire plus...
Òganizasyon Nasyon Zini te pwopoze gouvènman dominiken an yon lwa ki baze an jeneral sou pwoteksyon ak depòtasyon migran nan peyi l. Yon pwopozisyon Repiblik Dominikèn voye jete byen lwen. Dirijan yo di se yon dwa yo genyen pou yo depòte moun sitou sila yo ki pa respekte règleman yo. Depi lane pase te deja […]Lire plus...
Branch bwa nan men yo y ap chante si yo tire sou nou n ap mete dife vandredi kite 10 fevriye 2023 a. Aksyon sa a pase akoz imigrasyon te antre nan zòn Bavaro, Sendomeng. Konsekans, yon jenn gason mouri, 2 blese ak bal Lapolis e 71 lòt blese ak bal. Sèvis imigrasyon an Repiblik […]Lire plus...
Yon tranbleman tè ki mezire 5.6 sou echèl Richter frape Repiblik Dominikèn jodi mèkredi 1e fevriye 2023 a vè 7è 11 maten an. Zòn ki souke plis la se Peravia Bani daprè sa jounal dominiken Listin Diario ekri. Pa gen moun mouri ni pa gen twò gwo dega ki anrejistre. Se jewològ dominiken Osiris de […]Lire plus...
Sektè touris la pèmèt prezidan Luiz Abinader ap fè chèlbè. Peyi li a antre 8 milya dola nan touris, paske yo te akeyi 7 milyon 165 mil 387 vizitè ak 1 milyon 311 mil 129 lèzòt ki te antre nan bato kwazyè pou ane 2022 a sèlman. Luiz Abinader di se yon gwo rekò li […]Lire plus...
Anpil dominiken pa dakò ayisyen ilegal yo jwi kèk privilèj lakay yo. Daprè yon etid, 69% dominiken pa dakò pou imigran ayisyen revandike dwa yo. Enstiti Rechèch Sosyal pou Devlopman fè konnen, 45% dominiken opoze ak lide ki fè kwè ayisyen dwe jwenn sèvis sosyal tankou swen sante, edikasyon ak lojman. Yon lòt bò, gen […]Lire plus...
“Ant manje pou rete vivan oubyen vann, mwen plis kwè lavi an premye kidonk se yo ki plis touche”, deklarasyon Victor Bisonó, minis Endistri ak Komès Repiblik Dominikèn nan. Minis la deklare nan mikwo laprès depi fwontyè ki separe 2 peyi yo kidonk Ayiti ak Sendomeng fèmen se pou Ayiti sa pi mal paske se […]Lire plus...
Wo Komisarya Dwa Moun nan Nasyon Zini mande peyi yo, Repiblik Dominikèn an patikilye pou l fè yon kanpe sou depòtasyon ayisyen ki lakay li yo. Prezidan dominiken an reponn pou di li fenk kare depòte yo e chif yo pral ogmante paske peyi l la granmoun, li p ap mache nan lojik Nasyon Zini […]Lire plus...
Minis Touris Repiblik Dominikèn nan ki se David Collado anonse sektè Touris la pote anpil pwofi pou peyi li a. Sou 10 dènye mwa ane 2022 a, li fè konnen sektè sa a fè yo rantre anviwon 7.2 milya dola vèt. Minis la deklare pou mwa oktòb ki sot pase la a sèlman yo resevwa […]Lire plus...






