Avèk gwo zam nan men yo, nan vil Ench ak Wanament, ajan BSAP yo te foule beton an jounen mèkredi 24 janvye 2024 la. Nan Ench se rele yo t ap rele pou mande Ariel ak akolit li yo kite peyi a men nan Wanament, se gwo kout zam ki t ap chante ant UDMO […]Lire plus...
Pakè Pòtoprens deja voye rekizitwa definitif li bay jij la depi semèn pase a, daprè enfòmasyon Métronome pataje. Selon detay ki disponib yo, òdonans jij Enstriktè a Walter Wesser Voltaire la ta dwe sòti vandredi k ap vini la a. Sou sa ki gen pou wè ak asasina defen prezidan Jovenel Moïse la, men li […]Lire plus...
Ariel Henry p ap jwe. Nan yon arete gouvènman l ap dirije a pran ayè lendi 22 janvye a e ki deja pibliye nan jounal “Le Moniteur”, li mete Jeanthel Joseph, Direktè Jeneral “_Agence National des Aires Protégées”_ (ANAP) nan kanpe lwen. Se yon komisyon ki gen nan tèt li Frantz Daniel Pierre kòm kòdonatè […]Lire plus...
Daprè yon sous nan lajistis ki kase ti moso enfòmasyon bay medya Juno7, li konfime transfè ansyen depite Enri an nan penitansye nasyonal. Cholzer Chancy ki te pase premye nwit li nan komisarya Petyonvil la, desann Penitansye vè 10è 30 maten madi 23 janvye 2024 la. Daprè enfòmasyon jij la gen nan men l, ansyen […]Lire plus...
“Sa a se ti bakòp k ap bay pwoblèm nan…nou pa fè rimè nou menm”, se kèk pami deklarasyon tout moun ka tande nan yon videyo anviwon 38 segond k ap pataje sou rezo yo e se vwa bandi yo menm k ap pase anba l. Zo reken sa a ki make komisarya Kwadèboukè nan […]Lire plus...
Jij Al Duniel Dimanche pase lòd pou yo kenbe ansyen depite Enri an, Cholzer Chansy nan prizon jounen lendi 22 janvye 2024 la. Ansyen prezidan Chanm Depite a fèmen nan depo aprè majistra enstriktè a te fin tande l nan kad dosye detounman byen piblik ki gen pou wè ak materyèl CNE yo. N ap […]Lire plus...
Nan moman atak nèg ak zam yo kont fanmi jèn atis ayisyen an ayè dimanch 21 janvye a nan komin Kwadèboukè, li pèdi papa l ki se Joanès Dumé, yon kouzen l Jhonky Dumé blese gravman grav, ti sè li ki se Saralie Dumé, san manman yo ale avèk li. Dram san kalifikatif sa a […]Lire plus...
Aprè ansyen senatè Youri Latortue fin boude envitasyon jij Louima Louidor te fè li a, jij la deside lage yon manda rale mennen vini dèyè l. Chèf akizasyon yo se konplisite asasina, konplisite ansyen senatè a nan dife ki yo te mete nan tribinal premye enstans Gonayiv la, asosiyasyon malfèktè pou n site sa yo […]Lire plus...
Depi byen bonè maten samdi 20 janvye a, Lapolis kanpe anfas bandi yo nan Maryani, pa twò lwen komin Kafou. Kout bal fè mikalaw e kèlkeswa distans ou ta ye nan komin sa a, w ap tande son katouch yo kote Lapolis kontinye mennen operasyon fas ak bandi yo. Jiskaprezan, gen gwo kè kase nan […]Lire plus...
3 zago loray sa yo te nan yon Mercedes, plak BB-10550 chaje ak minisyon daprè yon sous nan Lapolis la e se Gran Ravin yo t ap sòti avèk katouch sa yo pou pote Bèlè. Yon patwouy polisyè tonbe sou yo, ouvè kout bal avèk yo e 3 nan prezime malfèktè sa yo vale dlo […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com