Daprè enfòmasyon ki sòti bò kote fanmi Michael Benjamin ki te pèdi lavi l nan kondisyon tout moun konnen an nan vil Pari, fineray la p ap chante Ayiti. Se medya Vwadlamerik ki konfime enfòmasyon an alòske yo t ap site sa fanmi an di yo. Pandan tan sa a, gen anpil òganizasyon nan entènasyonal […]Lire plus...
Yè mèkredi 19 oktòb la, konsèy sekirite Nasyon Zini an te dwe reyini an ijans pou pran yon desizyon sou dosye Ayiti a. Reyinyon sa a ranvwaye paske peyi yo pa rive antann yo. Etazini vin pa ka deside paske Lachin ak Larisi pa mache nan lojik pou voye militè etranje pou Ayiti. Donk Etazini […]Lire plus...
Ansyen senatè Lwès John Joël Joseph ki gen non l site nan asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse te pase nan yon tribinal federal nan Miami pandan semèn nan. Akize a plede non koupab kidonk, li fè konnen li pa gen anyen pou wè ak lanmò prezidan an daprè detay ki disponib yo. John Joël Joseph […]Lire plus...
Depi vandredi 14 oktòb 2022, Bank Mondyal pran mezi pou fèmen biwo li Ayiti pou yon dire 30 jou. Chèf operasyon yo an Ayiti ki se Laurent Msellati kontinye ap travay a distans li menm. Tout rès pèsonèl yo evakye akoz kriz imanitè a ak pwoblèm ensekirite k ap gangrennen peyi Dayiti dènye jou sa […]Lire plus...
Frédérick Dupoux alyas Fredo pou moun ki pi pwòch li jwenn liberasyon li yèswa aprè anviwon 5 jou li te pase nan men bandi. Yo te kidnape fotograf la nan zòn wout Frè. Fredo se kouzen, parenn maryaj ak parenn pitit Mikaben ki li menm te mouri trajikman nan Accor Arena nan vil Pari pandan […]Lire plus...
Minis sekirite nasyonal peyi Bahamas la ki se Wayne Munroe deklare nan mikwo Ajans Reuters peyi li a pare pou voye yon twoup an Ayiti pou vin konbat gang yo. Men sa ka rive posib si gouvènman Ayisyen an fè demand lan nan tèt kole ak Nasyon Zini oubyen CARICOM. Se prèske nan tout peyi […]Lire plus...
Reprezantan peyi Larisi ak Lachin nan konsèy sekirite Nasyon Zini jodi a denonse enkapasite Ariel Henry pou l rezoud kriz la. De (2) peyi sa yo mande rès Eta manm yo pou yo fè anpil pridans nan voye fòs etranjè nan peyi a. Yo ajoute popilasyon lokal la kapab mal entèprete sa e sa ka […]Lire plus...
Daprè sa Eric Stromayer ki se chaje dafè ameriken pou yon ti bout tan nan peyi Dayiti fè konnen, Etazini ak lòt patnè entènasyonal yo ap pran bon jan dispozisyon pou yo bloke tout kont an Bank pèsonalite sa yo ki gen kontak ak gang yo epi sezi byen yo gen nan peyi a ak […]Lire plus...
Jodi lendi 17 oktòb 2022 a, a 3 zè nan laprè midi, dosye a Ayiti a pral debat devan konsèy sekitite Nasyon Zini an. Diskisyon yo pral chita sou rezolisyon Etazini ak Meksik la, dosye fòs etranjè a, rapò gouvènman ayisyen sou mezi l ap pran pou rezoud kriz la. Men nou dwe tann vandredi […]Lire plus...
Frederic Dupoux, yon kouzen Michael Benjamin “Mika” viktim de zak kidnaping nan peyi Dayiti aprè bandi te fin leve l. Daprè yon sous pwòch atis la se papa Mikaben, Lionel Benjamin ki t ap negosye ak bandi yo pou liberasyon kouzen an. Pandan Mika limenm tap prepare konsè a ak gwoup mizikal CARIMI ki t […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com