Anpil lopital ki twouve yo an pwovens ak nan kapital la deside redui sèvis yo osinon fèmen pòt yo nèt akoz gaz yo pa genyen pou yo fonksyone. Se ka Lopital Bernard Mevs ki deside redui nan sèvis li yo ak nan pèsonèl li yo daprè yon nòt responsab sant ospitalye sa a sòti jodi […]Lire plus...
Nan yon mesaj Anbasad Amerikèn pataje pa email bay sitwayen ameriken yo, li mande yo pou yo pa vwayaje ale Ayiti. Anplis, li mande tout sitwayen ameriken k ap viv sou tè Dayiti li ta pi bon pou yo retounen lakay yo paske yo pa an mezi ba yo sekirite akoz PNH la fayi ak […]Lire plus...
Agathe Termitus se non yon jenn enfimyè bandi te kidnape depi jou ki te 20 Dawout 2022 a nan Potay Leyogàn, sant vil Pòtoprens. Malgre plizyè ranson fanmi l bay ravisè yo, yo poko janm libere jenn fi a. Li te gen yon lòt moun avèk li lè bandi yo te kidnape l la men, […]Lire plus...
Pandan minis Zafè Etranjè Ayiti a deklare sou tribin Nasyon Zini lendi 26 septanm nan tout bagay sou kontwòl epi li di yo gen kontwòl gang yo, bandi kidnape yon kad nan ministè Edikasyon Nasyonal ki rele Dr Hervé Boursiquot sou Wout Frè a dimanch 25 septanm nan nan aswè. Gen 3 lòt anplwaye ministè […]Lire plus...
Anbasadè peyi Lachin nan ki se Geng Shuang mande Biwo Entegre Nasyon pou Ayiti a pou l soumèt bay konsèy sekirite Nasyon Zini an lis tout gang ki nan peyi Dayiti ak non tout chèf ki nan tèt yo. Li fè demand sa a pandan l t ap pran pa nan reyinyon espesyal yo t […]Lire plus...
Yon sitwayen ayisyen ki gen pou non Péniel Olibris plede koupab devan yon jij nan Eta Kolorado nan peyi Etazini. Péniel konsyan li te konn voye zam bay paran l Ayiti e se anndan machin li mete yo epi transpòte yo nan bato. Koupab la fè konnen se depi Kolorado li achte zam yo pou […]Lire plus...
Pami peyi manm Nasyon Zini k ap pale de pwoblèm gang yo nan peyi a, gouvènman Kanadyen an fè konnen se nèg ki gen kòb nan peyi a k ap finanse gang yo. Kanada di se oligachi a ki kanpe rèd dèyè chèf gang yo. Dènye jou sa yo, peyi ki di yo se zanmi […]Lire plus...
Nèg ak zam ki t ap flannen sou yon pikòp Hilux koulè ble kidnape 4 moun byen bonè maten an nan Kafoufèy, zòn plas Jeremi. Youn nan moun yo t ap debouye l pou l al Legliz lè bandi yo kidnape l la. Pa gen moun ki ko konn idantite moun yo anlve yo ni […]Lire plus...
Gras ak entèvansyon Lapolis bandi ak zam pa reyisi fè yon kidnaping nan anviwon Chandmas aprèmidi dimanch 25 septanm nan. Polisye yo estope 2 nan bandi ki t ap tante fè anlèvman an e 2 otaj yo libere. Polisye yo tou te pwofite lage koukouwouj dèyè kèk lòt ki te nan yon machin san plak […]Lire plus...
Nan kad 5e jounen mouvman leve kanpe ak kraze brize ki gen nan peyi a, chèf gang yo sanble pa vle fè zewo e yo vle mete Lapolis an dawout. Jodi vandredi 16 septanm nan, anplis de Jimmy Chérisier ki nan lari a, anba Dèlma, chèf gang Vithelome ap chache pran kontwòl Wout Frè bò […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]