Gen anpil moun ki temwanye pou di gen migran yo jwenn ak papye, yo chire l yo voye yo ale. Gen lòt yo mande lajan aprè sa yo lage yo. Depòtasyon sa yo atenn yon chif ki depase degre daprè yon rapò Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) mete deyò. Sou 3 dènye mwa sa yo, se […]Lire plus...
Lajistis nan peyi Etazini voye 86 dominiken tounen jodi madi 15 novanm nan bay prezidan Luis Abinader. Moun sa yo soti nan prizon pou move zafè tankou touye moun, trafik dwòg ak blanchiman lajan. Daprè dosye moun sa yo, gen ladan yo ki pase sòti 5, 10 jiska 15 lane prizon kay Tonton Sam. Daprè […]Lire plus...
Tout ayisyen ki t ap viv an Repiblik Dominikèn sou tè prive ak tè Leta, kay prive ak kay Leta san otorizasyon p ap janm jwenn viza pou yo retounen Sen Domeng. Se prezidan dominiken an, Luiz Abinader ki siyen desizyon sa a jodi madi 15 novanm nan. Nan dekrè sila a, depi moun nan […]Lire plus...
Venancio Alcántara se direktè imigrasyon nan peyi Dominikani. Nan yon anons li bay yè lendi 14 novanm nan, li fè konnen yo arete 1 395 ayisyen ki san papye e nan vil tankou Santyago, La Vega, Jarabakoa, Jimaní, Dajabón, Pedènal ak Santo Domengo, yo arete 4 582 lòt nan kad divès operasyon, daprè sa jounal […]Lire plus...
Nan yon anons li fè jodi lendi 14 novanm 2022 a, peyi Kanada fè konnen gen sanksyon yo pran kont Jimmy Chérizier alyas Babekyou. Daprè mezi sa a, li paka pile teritwa Kanada, si li gen byen nan peyi a lap pèdi yo ak anbago sou zam yo mete sou li tou. Sanksyon sa yo […]Lire plus...
Van ensekirite ap soufle pi rèd sou Ayiti. Bandi ak zam ki fè pati gwoup gang 400 mawozo ouvè kout bal sou yon konvwa anbasad amerikèn daprè sa anbasad la li menm konfime jounen lendi 14 novanm nan. Gen yon blese men se pa nan anplwaye pa yo. Se yon chofè ayisyen ki te nan […]Lire plus...
Ricard Pierre, minis planifikasyon e fanmi SDP, Enold Joseph, minis defans, Bertho Dorcé, minis jistis ak Litz Quitel minis Enteryè se non 4 chèf sa yo ki tonbe anba sanksyon ameriken alòske y ap jwe gwo wòl nan peyi a. Minis sa yo ki te siyen pou blan antre Ayiti pou vin konbat gang pat […]Lire plus...
Minis Jistis ak sekirite piblik peyi Dayiti a, Bertho Dorcé ekri komisè Jacques Lafontant pou l di l li resevwa yon lòt plent kont li ki sòti bò kote premye minis Ariel Henry Henry. Plent sa a pwouve komisè a nan kòripsyon ak abi otorite. Poutèt sa, mèt Dorcé di komisè a li revoke pou […]Lire plus...
Byen bonè maten jedi 10 novanm nan, bandi ki fè pati gang Ti Lapli ap dirije nan Gran Ravin mete tèt ak mesye Ti Makak yo atake Sou-Komisarya Savann Pistach la e mete polisye yo an dewout. Anpil kout zam t ap chante e popilasyon an pa konn ki sen pou yo rele. Nan mitan […]Lire plus...
570 goud pou yon galon gazolin, 670 goud pou yon galon dizèl e 665 goud pou galon kewozèn nan, se ak pri sa yo gaz la pral vann nan ponp yo selon minis Kòmès ak Endistri a Ricardin St Jean. Malgre peyi a lòk pandan anviwon 3 mwa pou rezon sa a, gouvènman an pa […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com