Alòske yo anonse manifestasyon pa yo pou maten mèkredi 18 novanm 2026 la, salvadoryen yo debake an gran moun pou mete bal ak dwón sou gang yo. Depi byen bonè, plizyè elikoptè ak cha blennde ap kontwole Kanaran pou yo ka bloke malfèktè sa yo ki t ap prepare pou desann nan lari a epi fòse kèk sivil swiv yo. Gen plizyè kay ki gentan kraze nan baz chèf teworis Kanaran an.
Avèk prezans salvadoryen yo sou tèritwa peyi d Ayiti a, okenn kriminèl p ap jwenn rezon pou yo parèt tèt yo paske y ap mouri.













