Dimanch 3 dawout 2025 lan, brakè Smith Augustin k ap pyafe nan konsèy prezidansyèl la marye ak Annie Thamar Garçon. Seremoni an te òganize nan jaden Djoumbala sou wout frè a kote te gen anpil gwo chabrak ki te la. Ruth Thamar te konn patisipe nan aktivite anpil òganizasyon jèn nan Pòtoprens e li sitou entèrese ak koze politik epi gouvènans.
Aprè eskandal li te genyen ak konsil Meksik la, Smith Augustin mete yon lòt fanm bò kote l.




















