Malgre avoka Reginald Boulos yo mande jij Jorge Pereira pou libere l sou kosyon, jij la pa dakò. Jij la bay lòd pou yo retounen ak misye nan prizon annatandan yo tande l ankò 26 dawout k ap vini la a. Selon enfòmasyon ki disponib yo, otorite imigrasyon yo deja mete non Boulos sou lis moun ki pou depòte men y ap tann desizyon jij la avan.
Reginald Boulos retounen nan sant detansyon kote l te ye a ki se Krome.




















