Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), nan yon konferans pou laprès, prezante bilan operasyon plizyè inite nan lapolis la tankou, SWATT, UDMO ak komisarya nan Kwadèboukè te mennen. Plizyè zam sezi, plizyè moun rive jwenn arestasyon yo, daprè Garry Derosiers.
4 pistolè, yon kalib 9 mm, ki se zam PNH la, yon fizi daso AR15, 87 badj ki gen ekrito FAD’H, 28 telefòn, 4 ensiy BSAP, 2 machin, 8 moun jwenn arestasyon yo, se bilan operasyon lapolis mennen nan Kwadèboukè.
Pami 8 moun lapolis arete yo, genyen Delius Joseph ki gen 57 lane, yon resòtisan ameriken. Delius kite peyi Etazini, li pase pa Sen Domeng pou l pote sipòb l bay yon gwoup ki rele tèt li lame revolisyonè.
Daprè Garry Derosier, 8 moun sa yo ki jwenn arestasyon yo nan men DCPJ ap reponn kesyon pou swivi kapab fèt.
Jeff Jean Joseph