Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan, Sandra Paulémon konfime se 120 milyon dola vèt pouvwa defakto a ap mobilize pou òganize eleksyon yo nan peyi d Ayiti. Selon minis lan, dwe gen yon gwo kanpay enfòmasyon nasyonal ki mete sou pye pou sansibilize popilasyon an pou yo patisipe nan eleksyon sa yo ki prevwa pou fen ane sa a.
N ap raple avan, bidjè a te 250 milyon, aprè anpil moute desann, yo mete l 120 milyon kounye a.













