Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil (OFNAC) gen 6 anplwaye nan men ravisè yo depi ayè mèkredi 30 septanm 2026 la. Kriminèl yo kidnape moun yo e selon pwòch yo, yo gentan kontakte yo pou mande gwo mago lajan. Pandan pouvwa tèt anba ki la a ap fè pwopagann, senp sitwayen k ap chache lavi paka viv an pè.
Ant janvye pou rive mwa septanm 2026 la, se anviwon 176 moun kriminèl yo kidnape sèlman Pòtoprens daprè chif ofisyèl yo.













