Ayiti pèdi 2 match li yo fas ak seleksyon amerikèn nan pou kadefinal Lig Nasyon Concacaf yo. Sou ansanm 2 match yo, Grenadye yo ankese 8 gòl, sa ki tou wete chans yo pou yo te kalifye dirèk pou Gold Cup 2027 la. Seleksyon nasyonal la ap oblije pase pa baraj pou l ka jwenn yon biyè pou l al jwe konpetisyon sa a k ap gen 16 ekip nan peyi Etazini.
Rete pou konnen ak ki peyi Ayiti pral jwe baraj pou l ka jwe kalifikasyon l pou Gold Cup la.













