Akoz tansyon k ap grandi ant 2 peyi yo, yon kad nan Federasyon Ayisyèn Foutbòl la fè konnen seleksyon ayisyèn yo p ap resevwa match kay vwazen ankò. Se kotidyen « Le Nouvelliste » ki pataje enfòmasyon sa a. Jiskaprezan CONCACAF ap fè presyon sou Federasyon an pou yo jwenn yon lòt peyi pou resevwa match yo, anyen poko di.
Yon wont anplis pou peyi a kote plizyè milya dola lajan Petwo Karibe gagote, menm yon bon estad peyi a pa genyen. « Sylvio Cator » ki t ap debat ensekirite ak fason l vin kraze a lakoz Ayiti paka resevwa match ladan l.