redacteur 1

Yon jèn ayisyen 20 lane mouri aprè yon aksidan

Pierre Damas Bel, yon jèn ayisyen 20 lane kise etidyan Springfield High School, mouri lendi 31 dawout 2026 la aprè yon semi-remòk te frape li sou I-70 West, nan Clark County. Daprè jounalis James Pierre, jèn nan ta santi li pa alèz akoz yon braslè elektwonik ajan imigrasyon ta mete nan pye li, anvan li […]Lire plus...

FNE pa touche paran ki pi pòv yo atravè sibvansyon

Fon Nasyonal de Edikasyon (FNE) mande paran ak responsab yo depoze dosye pou sibvansyon lekòl 2026-2027 la ant 1e ak 4 septanm 2026, avèk plizyè dokiman obligatwa. Pwosedi sa a soulve kritik, paske gen paran ki vrèman nan bezwen ki pa menm konn li ni ekri. Pou yo, ranpli yon dosye administratif nan yon delè […]Lire plus...

Marie Kemlyne kontinye make listwa nan Miss World 2026

Reprezantan Ayiti nan Miss World International 2026 la, Marie Kemlyne Lestalie Félix, klase nan Top 6 kategori “Beauty With a Purpose” pou rejyon Amerik ak Karayib la. Kategori sa a mete an valè pwojè imanitè ak angajman sosyal kandida yo. Gras ak pwojè li a, Marie Kemlyne rive enpakte jiri a epi enskri non li […]Lire plus...

Yon Ayisyen blese madanm li plizyè fwa ak kout kouto

Yon fanm ayisyèn blese plizyè fwa ak kout kouto aprè yon diskisyon ak mari li, byen bonè lendi maten sou ri Santiago Rodríguez, nan vil fwontyè Dajabón, nan Repiblik Dominikèn. Daprè jounal dominiken CDN, gason an, ki idantifye pwovizwaman sou non Valentín, ta antre nan yon diskisyon ak madanm li aprè li te mande l […]Lire plus...

5 depatman anba alèt jòn akoz 38èm ond twopikal la

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, ansanm ak Sekretarya Pèmanan pou Jesyon Risk ak Dezas, mete depatman Lwès, Sant, Sid, Sidès ak Latibonit anba alèt jòn akoz risk gwo lapli ki asosye ak pasaj 38èm ond twopikal sezon an sou rejyon Karayib la. Sistèm nan se rès Tanpèt Twopikal Dolly. Daprè Inite Idwometeyowolojik Ayiti, ond twopikal la […]Lire plus...

Plizyè fanm nan vil Ench denonse vyòl ak vòl aprè

Nan vil Ench, plizyè sitwayen ak viktim kontinye denonse yon seri zak grav kote endividi ta antre lakay fanm, vyole yo epi vòlè afè yo. Plizyè ka deja fèt nan vil la, daprè temwayaj ak enfòmasyon k ap sikile nan plizyè medya lokal. Sitiyasyon an ap ogmante kè sote nan mitan popilasyon an, sitou pami […]Lire plus...

Etazini leve sispansyon viza imigran pou Ayiti ak 74 lòt

Yon desizyon lajistis federal ameriken relouvri chemen pou sitwayen ayisyen ak 74 lòt nasyon ki te tonbe anba yon sispansyon viza imigran depi kòmansman ane 2026 la. Depatman d Eta ameriken an konfime sispansyon an pa an vigè ankò depi 21 dawout 2026, aprè yon jij federal te anile politik ki te mete yon poz […]Lire plus...

2 milyon goud pou sipòte Fondasyon Zòn pa fè moun

Yon gwo jès solidarite fèt pou sipòte timoun ki nan Ã’felina Fr Luckson Zòn Pa Fè Moun nan, nan kad preparasyon pou antre lekòl 2026–2027 an. Antrepriz BAM Official ak SHAMA Promo mete fòs yo ansanm pou ofri 2 milyon goud bay fondasyon an. Responsab òfelina a, Luckson Jean,konfime li resevwa don an sou kont […]Lire plus...

Contact Us