Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, ansanm ak Sekretarya Pèmanan pou Jesyon Risk ak Dezas, mete depatman Lwès, Sant, Sid, Sidès ak Latibonit anba alèt jòn akoz risk gwo lapli ki asosye ak pasaj 38èm ond twopikal sezon an sou rejyon Karayib la. Sistèm nan se rès Tanpèt Twopikal Dolly. Daprè Inite Idwometeyowolojik Ayiti, ond twopikal la te twouve li toupre Pòtoriko ak Zil Vyèj yo dimanch aprè midi, pandan l ap deplase nan direksyon Lwès ak yon vitès anviwon 40 kilomèt alè. Otorite meteyowolojik yo prevwa sistèm nan kapab pote gwo lapli, kout loray ak gwo van sou plizyè depatman nan peyi a, sitou ant lendi 31 dawout ak madi 1ye septanm 2026.
Sitiyasyon an ogmante risk pou gen inondasyon, glisman ak deboulonnay tè, pandan ravin ak larivyè yo kapab desann rapidman nan plizyè zòn.













