redacteur 1

Ki reyaksyon Lapolis aprè dènye masak Kenskòf la?

Aprè dènye kanaj teworis yo fè sou popilasyon Kenskòf la, lapolis frape fò pou bay viktim yo jistis. Yo pran kèk dezisyon tankou fè plizyè pòs sou Facebook, voye kèk mo kondoleyans, yo bay yon konferans pou laprès menmsi pa gen bilan epi yo chanje komisè polis Kenskòf la. Sinyal sa yo vle montre aklè […]Lire plus...

Yon nouvo komisè pran tèt komisarya Kenskòf la

Yon chanjman fèt nan tèt Komisarya Kenskòf jedi 27 dawout 2026 la. Komisè prensipal Ketler Jean-Pierre Morisseau pran ofisyèlman direksyon lapolis nan komin nan, kote li ranplase enspektè divizyonè Nickenson Cadet. Se direktè depatmantal Lwès 1 an, komisè divizyonè Yvon Cantave, ki te prezide seremoni enstalasyon an epi fè pasasyon sèvis la.Nominasyon sa a rive […]Lire plus...

116 Ayisyen depòte soti Bahamas pou ale Okap

Otorite Bahamas yo rapatriye 116 sitwayen ayisyen nan Ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen an, jedi 27 dawout 2026, aprè yo te antre ilegalman sou teritwa Bahamas. Daprè yon kominike Depatman Imigrasyon Bahamas la, gwoup la gen ladan 79 gason, 33 fanm ak 4 minè. Otorite yo fè konnen moun yo depòte yo te kite Ayewopò Entènasyonal […]Lire plus...

Daprè OIM 2 647 moun deplase aprè masak gang yo

Anviwon 647 moun ki sòti nan 702 fanmi oblije kite kay yo aprè atak gang ame yo nan komin Kenskòf nan lannwit 23 pou rive 24 dawout la. Se sa Ã’ganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) rapòte nan yon dokiman li pibliye yè mèkredi 26 dawout. Daprè OIM, plizyè lokalite nan Kenskòf te touche nan vyolans […]Lire plus...

Yon lòt vòl depòtasyon ap ateri Okap

Anviwon 70 Ayisyen pral rive Okap sou yon vòl depòtasyon daprè sa otorite yo anonse. Se nan ayewopò Entènasyonal Okap la moun sa yo ap desann maten jedi 27 dawout la. Daprè enfòmasyon ki disponib, avyon GlobalX ki opere pou pwogram depòtasyon ICE la te dekole depi Florid epi li prevwa ateri anvan midi. Vòl […]Lire plus...

Nan komin Dàm Mari: yon maladi kòmanse touye bèf

Anpil bèf kòmanse mouri aprè yo fin tonbe malad nan 5e seksyon kominal Dàm Mari, nan depatman Grandans. Selon Ernst Rotyla Dirette, plizyè mouri e gen anpil abitan k ap soufri ak gwo doulè nan vant. Gen lòt moun li gen plè k ap leve sou po yo. Daprè kèk espesyalis, se ta siy maladi […]Lire plus...

1 408 moun mouri, 656 blese ant mwa avril ak

Selon Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH), pou pi piti 1 408 moun pèdi lavi yo epi 656 lòt blese nan peyi a ant avril ak jen 2026. Daprè done BINUH yo, vyolans ak ensekirite kontinye lakòz gwo kantite viktim nan plizyè zòn nan peyi a. Chif sa yo montre gravite kriz sekirite a an […]Lire plus...

Me Renan Hédouville anba kòd Ozetazini

Daprè plizyè medya nan kapital la, ansyen Pwotektè Sitwayen an, Me Renan Hédouville, anba kòd Ozetazini pandan li t ap chèche regilarize sitiyasyon li. Arestasyon an gen rapò ak dosye ULCC te louvri kont li an 2025 pou plizyè akizasyon, pami yo detounman fon piblik, pasasayon mache piblik dèyè do lalwa ak antrav sou bon […]Lire plus...

Contact Us