Fon Nasyonal de Edikasyon (FNE) mande paran ak responsab yo depoze dosye pou sibvansyon lekòl 2026-2027 la ant 1e ak 4 septanm 2026, avèk plizyè dokiman obligatwa. Pwosedi sa a soulve kritik, paske gen paran ki vrèman nan bezwen ki pa menm konn li ni ekri. Pou yo, ranpli yon dosye administratif nan yon delè konsa kapab tounen yon gwo obstak pou pitit yo jwenn sipò leta. Olye pou leta mete kondisyon ki kapab mete paran ki pi vilnerab yo sou kote, FNE ta dwe prevwa yon mekanis pou akonpaye yo atravè lekòl yo oswa lòt estrikti lokal.
Si sibvansyon an fèt pou ede fanmi ki pi pòv yo, leta dwe jwenn yon fason pou asistans lan rive jwenn yo, menm lè paran yo pa kapab fè demach administratif yo poukont yo.













