Ansyen prezidan Michel Joseph Martelly debake nan Lise Petyonvil jounen dimanch 30 dawout 2026 la pou al ajoute non l kòm elektè sou rejis elektoral la. Lidè tèt kale a te debake ak ekip li, sa ki te parèt prèske tankou yon sipriz pou l ka mete non l sou lis la. N ap raple non Martelly ap site kòm kandida nan pwochen eleksyon yo, si ap genyen eleksyon vre.













