Pierre Damas Bel, yon jèn ayisyen 20 lane kise etidyan Springfield High School, mouri lendi 31 dawout 2026 la aprè yon semi-remòk te frape li sou I-70 West, nan Clark County. Daprè jounalis James Pierre, jèn nan ta santi li pa alèz akoz yon braslè elektwonik ajan imigrasyon ta mete nan pye li, anvan li te antre nan liy sikilasyon an. Daprè WHIO-TV, Bel te mouri sou plas. Aksidan an te lakòz yon pati nan otowout la fèmen pandan anviwon ,3 èdtan.
Nan mwa me 2026, Pierre Damas Bel te pami 8 elèv Springfield High School ki te resevwa yon bous etid pou ekselans akademik.













