Yon desizyon lajistis federal ameriken relouvri chemen pou sitwayen ayisyen ak 74 lòt nasyon ki te tonbe anba yon sispansyon viza imigran depi kòmansman ane 2026 la. Depatman d Eta ameriken an konfime sispansyon an pa an vigè ankò depi 21 dawout 2026, aprè yon jij federal te anile politik ki te mete yon poz sou emisyon viza imigran pou sitwayen 75 peyi. Mezi a, ki te antre an aplikasyon 21 janvye 2026, te vize moun ki t ap chèche viza imigran, sitou nan kad pwosesis pou vin rezidan pèmanan Ozetazini.
Gouvènman ameriken an te jistifye politik la ak enkyetid sou posiblite kèk imigran ta vin depann de avantaj sosyal piblik yo.













