Gen pou pi piti 613 moun ki pèdi lavi yo nan komin Site Solèy ak Laplèn sòti 6 pou bout 31 jiyè 2026 selon yon rapò Biwo Entegre Nasyon Zini an Ayiti pibliye semèn sa a. Selon BINUH, gen 375 lòt ki blese. Pami moun ki mouri yo, gen 111 fanm ak 77 ti moun. Mete sou sa, gen 176 fanm ak ti fi ki viktim vyòl e se gang yo ki dèyè zak malonèt sa yo.
Selon BINUH, lavi moun nan zòn sa yo toujou difisil pandan l mande pou gen asistans ki al jwenn fanmi viktim yo.













