Silans total bò kote DG PNH la, Vladimir Paraison, minis Defans lan, Mario Andresol, minis Enteryè Paul Antoine Bien-Aimé, minis Jistis Patrick Pélissier san bliye Alix Didier Fils-Aimé ki se swadizan chèf gouvènman ak chèf CSPN. Pliske 3 jou depi gang 400 Mawozo a ap mache egzekitite tout kategori moun anndan lakay yo Kwadèboukè. Genyen yo pote ale, fanmi yo pa konn kote yo ye. Malgre tout apèl k ap lanse kont krim sa yo, moun k ap touche pou pwoteje yo a pa janm fè anyen.
Sèlman sa ki fasil, se gwo dispozisyon Lapolis ak gouvènman an pran pou bloke manifestasyon k ap fèt an favè Bukele a.













