Anviwon 161 Ayisyen, fanm kou gason, rive jodi jedi 20 dawout 2026 la nan Ayewopò Entènasyonal Okap sou yon vòl depòtasyon ki soti Ozetazini. Dapre enfòmasyon ki disponib, avyon an pote sitwayen ayisyen ki te depòte nan kad politik imigrasyon gouvènman ameriken an. Yon responsab Biwo Nasyonal Migrasyon (ONM) ta bay enfòmasyon sou depòtasyon konpatriyòt sa yo, pandan operasyon resepsyon ak akonpayman rapatriye yo ap fèt nan ayewopò a.
Arive nouvo gwoup rapatriye sa a vini nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak yon ensekirite fewòs epi kontinye resevwa plizyè vòl depòtasyon ki soti Ozetazini, sitou atravè Ayewopò Entènasyonal Okap.





















