Gouvènman ameriken an depòte anviwon 100 Ayisyen ann Ayiti jedi 17 septanm 2026 la. Moun yo rive nan Ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen an, nan vil Okap. Pandan peyi a ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil, nouvo depòtasyon sa a mete yon lòt fwa ankò sou tab la kesyon retou fòse sitwayen ayisyen ki soti aletranje.
Tout lòt peyi kontinye ranfòse politik depòtasyon yo, kesyon sou dispozisyon otorite ayisyen yo pran pou pwoteje ak sipòte sitwayen sa yo aprè retou yo rete yon gwo defi.













