Anplwaye laboratwa nasyonal kanpe travay pou ekzije liberasyon yon anplwaye bandi kidnape

haitinewstv.com

Anplwaye laboratwa nasyonal kanpe travay pou ekzije liberasyon yon anplwaye bandi kidnape

Medsen ak teknisyen laboratwa nasyonal foule beton an jodi lendi 28 desanm 2020 an pou ekzije liberasyon kolèg yo, Berthony Silva, bandi ak zam kidnape ansanm ak bòfrè li, Jean Renold Saint-Hilaire, nan komin Lyankou.

Pèsonèl sante laboratwa a deside kanpe travay jiskaske, yo jwenn liberasyon konfrè yo. Laboratwa nasyonal se sèl enstitisyon anndan peyi a kote tès “Covid 19” yo fèt.

Anplwaye pat deside rete sèlman ak pankat nan men yo, men te deside mete barikad sou wout Dèlma 33 a, pou te anpeche gen sikilasyon machin.

N ap raple Berthony Silva ak Jean Renold Saint-Hilaire ta pral sibi zak kidnapin nan Lyankou depi dat ki te madi 22 desanm 2020 an. Daprè enfòmasyon yo, fanmi yo deja bay lajan 2 fwa deja, men ravisè deside poko janm libere yo.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Majistra Dajabón nan bay ayisyen ilegal yo 5 jou pou

Santiago Riverón ki se premye sitwayen nan vil Dajabón bay ayisyen ki san papye yo 5 jou sèlman pou yo

Anpil gwo chabrak pran nan kouri nan jou kap vini

Patrick Pelissier ki se minis Jistis an Ayiti mande chèf Pakè a ki se mèt Monclair pou l pran tout

Luis Abinader reyini plizyè ansyen prezidan pou diskite sou dosye

Bagay ki poko janm fèt nan peyi d Ayiti, li fèt Sendomeng. Danilo Medina, Leonel Fernandez ak Hipolito Mejia te

3e prezidan pou KPT a, olye gen avans se bak

Fritz Alphonse Jean te pwomèt yon bidjè lagè, sipò BSAP pou Lapolis konbat ensekirite a, mete machin elektoral la an

Gouvènman an ak KPT a pral boule yon lòt lajan

300 a 400 milyon goud, se kantite lajan mesye dam ki di y ap dirije yo anonse yo pral depanse

Contact Us