Chofè taksi ak machin prive nan divès kwen anndan peyi a nan gwo difikilte akoz yon move kaz ki an sikilasyon. Gen plizyè machin ak moto ki tonbe an pà n akoz menm pwoblèm sa a. Chofè yo ap denonse danje a men jiskaprezan, minis Kòmès la poko janm fiskse reponsablite yo malgre li okouran de sa. Zafè gaz ki pa bon sa a ap pale kèk jou men okenn aktè kle pa reyaji.
N ap raple kòmès gaz la an Ayiti se sektè prive a ki fè l e yo fè l nenpòt fason san gwo kontwòl.













