Bif nan HMI la ap fèt nan tout nivo, Anie Alerte chita ap rablabla sou rezo yo. Manzè antre nan yon konfli ki pa piti ak animatè Gogo, yon animatè konpa li di k ap monte tèt Bedjine kont li tou. Chantèz Zile a di li gen dosye sou telefòn li ki ka mete do K-dilak ak tout Bedjine atè nan milye a. Anie Alerte lage pè las nan kò Bedjine e anpil moun kwè rezon an se paske manmzèl te gen yon relasyon ak K-dilak avan Bedjine.
Monte sou rezo sosyal, pale anpil, joure lòt atis parèy yo, se sa k ap domine milye mizikal ayisyen an dènye tan sa yo.




















