Anie Alerte, tankou anpil lòt sitwayen ki abitye vwayaje ak Sunrise Airways denonse konpayi a ki fè l fè yon vwayaj an reta sòti Okap pou antre Pòtoprens madi 28 jiyè 2026 la. Daprè atis la, yon vòl 2è te rive jiska 4è 30 san okenn eksplikasyon. Mete sou sa, valiz li disparèt e jiskaprezan li poko ka jwenn li alòske pa gen okenn responsab konpayi a ki bay detay sou sa.
Dosye sa a vin ogmante kantite plenyen ki genyen kont konpayi sa a ki pa janm sispan kase kou pasaje san bon jan sèvis.





















