Yon polisyè ki fè pati Brigad Operasyon Entèvansyon Depatmantal tonbe anba bal bandi ayè dimanch 6 septanm 2026 la vè 7è nan aswè. Li pran bal la nan tèt nan lokalite Bèsi ki sitiye ant komin Akayè ak Kabarè pandan fòs lòd yo te nan echanj kout bal ak yon gwoup teworis nan zòn nan. Gen yon lòt polisye ki blese tou epi plizyè manm brigad selon majistra Wilner René.













