Plizyè sitwayen òganize yon sit-in kont kidnapin devan kay PM Jouthe

haitinewstv.com

Plizyè sitwayen òganize yon sit-in kont kidnapin devan kay PM Jouthe

Pou denonse fenomèn ensekirite a k ap vale tèren nan peyi Dayiti, sitou nan zafè kidnapin, plizyè sitwayen te òganize yon sit-in devan rezidans ofisyèl Premye minis ayisyen an, Joseph Jouthe.

Madi 19 janvye a plizyè dizèn moun ak kèk pèsonalite piblik, pami yo ekonomis Etzer Émile ki se youn nan òganizatè yo ak mizisyen Yvon Jérôme, te reyini nan Miso, Boudon, nan komin Petyonvil pou t al fè mesaj yo pase devan kay chèf Konsèy siperyè polis nasyonal la (CSPN).

Pankat nan men, yo denonse zak anlèvman k ap fèt lannwit kou lajounen nan peyi Dayiti, alòske otorite yo fè silans.

Pandan mobilizasyon an, ki batize  »ANGAJMAN », lapolis te fè izaj gaz lakrimojèn pou tante epapiye pwotestatè yo, kòmkwa yo pa t siyale lapolis evènman sa. Men sa pa t anpeche mouvman pasifik la kontinye.

Apa sikilasyon an ki te bloke akòz revandikatè yo te kouche nan tout lari a, chèf gouvènman te eseye pale ak inisyatè sit-in yo, men akòz sitiyasyon an te kòmanse pran yon lòt anplè Joseph Jouthe te oblije retounen sou desizyon l.

N ap raple pandan menm jounen madi 19 janvye a, te gen plizyè lòt sit-in ki te òganize nan kapital la pou denonse fenomèn ensekirite a.

Pooshy Rosana

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Vitelòm deklare fò viv ansanm sou tab la pou yo

CNN te chita pale ak chèf gang Kraze Baryè a ki se Vitelòm. Chèf kriminèl la fè konnen e n

Fòs miltinasyonal la pral debake Ayiti

Premye twoup fòs miltinasyonal la ta dwe rive nan peyi d Ayiti nan fen mwa me 2024 la. Se jounalis

Aprè pliske yon jou kè kase, konpayi Digicel relanse sèvis

Sèvis Digicel yo ki te kanpe depi ayè samdi a 27 avril la tankou Moncash, apèl lòtbò dlo, entènèt ak

Nan konsèy 7 tèt la, lavalas ranpòte lamayòl

Pi fò moun ki pral konpoze Konsèy Prezidansyèl sila a te genyen oubyen toujou gen akwentans ak Lavalas. Fritz A.

Viv Ansanm sapata lokal jounal “Le Nouvelliste” la nan Pòtoprens

Pi ansyen kotidyen peyi d Ayiti a, Le Nouvelliste pase anba kòlè kriminèl ak zam yo ki twouve l nan

Contact Us