Nan yon nòt pou laprès ki pibliye nan dat 13 janvye 2021 an, otorite polisyè yo anonse yo entèdi manifestasyon sou boulva Toussaint Louverture, moun plis konnen sou non wout ayopò, nan jou kap vini yo.
Nan nòt sa, otorite polisyè yo fè konnen y aprann lidè opozisyon yo lanse plizyè jounen mobilizasyon nan peyi a, epi pwofite entèdi tout mouvman sou boulva Toussait Louverture ”Wout Ayopò” ki mennen nan ayopò entènasyonal la.
Lapolis di l rekonèt dwa pou moun manifeste men fòk sa fèt nan lòd, respè ak limit sou vwa piblik la.
PNH la pran dispozisyon sila pa mezi prekosyon, kèk jou aprè plizyè lidè nan opozisyon an te òganize plizyè manifestasyon pou chavire pouvwa anplas la.
Pooshy Rosana