Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE) lanse yon misyon ijans nan Grann Rivyè dinò apre dekouvèt plizyè ansyen zam pandan travay fouy ki t ap fèt toupre yon legliz. Ekspè yo deja deplwaye sou plas pou fè premye analiz sou artefak yo epi rankontre ak otorite lokal yo pou pwoteje sit la.
Rechèch yo ap kontinye pou detèmine orijin, laj ak enpòtans istorik zam yo. BNE mande pou sit la rete pwoteje pandan analiz yo ap fèt.





















