Pami 135 moun sa yo, selon enfòmasyon ki disponib, gen benefisyè pwogram Biden nan, sa ki te gen pwoblèm ak lajistis amerikèn epi lòt ki te sou TPS. Se jounen jedi 16 jiyè 2026 la gouvènman meriken an voye moun sa yo tounen an Ayiti. Se nan ayewopò Entènasyonal Okap la yo ateri abò yon avyon imatrikile N316 bò midi 45 yo konsa. Pa gen detay sou kouman Leta akeyi yo nan peyi a, sitou sa ki te gen demele ak lajistis amerikèn yo.
Moun sa yo retounen nan peyi d Ayiti nan yon kontèks kote Donald Trump kontinye ap peze sou politik migratwa li a.























