Peter, alyas “3Kamò”, Cassano ak Mama se non 3 prezime kriminèl sa yo ki tonbe anba bal lapolis nan zòn Latànri, nan vil Okap. Se sou lòd nouvo direktè depatmantal Polis Nò a, Ernst Dorfeuille, ansanm ak SDPJ/Nò ak BI/UDMO Nò, entèvansyon sa a te fèt. Selon fòs lòd yo, prezime bandi sa yo t ap plede twouble lapè nan vil Okap.
Daprè nòt Lapolis nan Nò peyi a, yo pral kontinye trake zèfèyis k ap anpeche popilasyon an sikile.





















